preloader
© 2020, Norebro theme by Colabrio, All right reserved.
cr en

plent klyan yo

pwosedi pou trete plent klyan yo

Entwodiksyon

Nan Be Aliv limited (nom konpayi a ke yo rele isit la “Aliv”), nou pran angajman bay kliyan nou yo yon sèvis ki pèsonalize ak san pwoblèm. Sepandan, nou rekonèt ke pafwa bagay yo ale mal. Si, pou nenpòt ki rezon, ou pa satisfè avèk sèvis nou yo, ou gen dwa pote plent ba nou. Pwosedi konsènan plent konsomatè (“Pwosedi”) bay enfòmasyon klè, sou tout sa ou ka fè si ou pa satisfè.

Pwosedi sa yo gratis epi disponib sou demann kliyan nou yo nan biwo administratif nou yo, magazen an detay nou yo ak sou entènèt nan www.bealiv.com. Pou asire yon tretman efikas pou pote plent, Aliv ap detanzantan revize pwosedi li yo, yap avize kliyan li yo nenpòt ki chanjman enpòtan ki fèt nan yo lè yo jwenn premye apwobasyon nan men Règleman sèvis piblik yo ak Otorite ki responsab konpetisyon lan lakou Bahamas (Utilities Regulation and Competition Authority, URCA). Yon fwa chanjman yo fèt, pwosedi yo ap revize , pral pibliye ankò ak dat yo fèt la epi yo pral afiche sou sit entènèt nou an.

Objektif Pwosedi yo

Objektif la nan Pwosedi sa yo se dekri kijan nou ka fè fas ak enkyetid ou oswa pote plent san pèdi tan, san pati pri epi konplètman. Pwosedi sa yo te etabli pou asire ou ke yon pwosesis apwopriye te an plas pou resevwa ak rezoud plent yo.
Pwosedi sa yo dekri tou kisa ou ka fè si ou santi ke plent ou a pa rezoud nan gou ou.

Definisyon Plent

Yon Plent se yon ekspresyon mekontantman ki te fèt pa yon kliyan ki gen rapò ak :
a. nan ki jan nou bay sèvis owswa
b. kontwole kijan pwosesis plent yo fèt.

Lè Yon gen yon Plent sa vle di ke gen yon repons oswa rezolisyon ki pou fèt. Yon Plent pa enkli yon demann jeneral pou enfòmasyon, yon demann sèvis, yon rapò sou apèl frivole oswa malonèt.

Kouman pou pote yon plent

Plent yo ka soumèt vèbalman, alekri oswa pa imèl. Ou ka kontakte nimewo asistans kliyan Aliv la gratis nan 1-242-300-2548. Ou ka imèl nou tou nan customercare@bealiv.com. Ou ka chwazi tou pou pote plent ou an pèsòn nan youn nan magazen nou yo oswa nan biwo administratif nou yo nan Holy Cross Parish Centre, Petersfield Road off Soldier Road. Ou ka ekri nou tou nan adrès postal nou an:

Customer Support
Be Aliv Limited
Holy Cross Parish Centre
Petersfield Road off Soldier Road
P O Box CB 13050

Demo Title

Demo Description


My first Popup

This will close in 20 seconds

This will close in 20 seconds