preloader
© 2020, Norebro theme by Colabrio, All right reserved.
cr en

board of directors

Michele Merrell

Director

Michele M. Merrell se yon egzekitif an chèf nan teknoloji ak telekominikasyon ki gen 30 lane eksperyans nan òganizasyon sòti nan kòmansman rive lan matirite, prive, piblik ak pre-entrodiksyon. Li se prezidan Merrell Consulting Group, yon konsòsyòm mondyal konsiltasyon maketing. Li gen eksperyans nan Maketin, Brandin, Piblisite, Medya Sosyal, Maketing Dijital, Devlopman Entènèt, Pwodwi Maketing, Relasyon Piblik, Kominikasyon Kriz, Afè Piblik, Kominikasyon kòporet, Relasyon envestisè ak Responsablite kòporet Sosyal. Li te travay anpil sou fisyon , akizisyon ak akò antrepriz pandan manda li. Li te travay pou konpayi tankou Tyco International, Brightstar, CSPI Technology Solutions, Thales eSecurity, Bellsouth, U.S. Cellular ak lòt kote. Li te kenbe yon gwo responsablite maketing nan rejyon APAC, EMEA, LATAM ak Amerik di Nò.

Depi lane 2014, Michele te sèvi lan konsèy administrasyon nan twa konpayi entènasyonal ki gen ladan Cable Bahamas (BISX: CBL) ak filiales li yo Aliv (Nassau, Bahamas) ak Summit Broadband (Orlando, FL). Li dirije Corporate Governance & Nominating Committee nan twa òganizasyon yo, epi tou li lankomite HR & Compensation.

Michele se yon manm nan konsèy direktè entènasyonal nan Global Telecom Women’s Network (GTWN) e se prezidan North America for GTWN, yon òganizasyon ki aktivman fè pwomosyon ak konseye fanm nan telekominikasyon mondyal yo ak endistri teknoloji. Nan lane 2018, yo te nonmen li nan komite direktè Sant Politik Piblik LeMieux. Yo te eli li kote lap viv la.

Akonplisman Michele yo te fè li genyen plizyè douzèn prim ak rekonesans nan tout karyè li pou sans biznis li ak lidèchip li. Li te resevwa prim Women of the Channel Power 100 Award ki soti nan magazin CRN. Michele te resevwa Prim Florida Achievement Award nan men Commission on the Status of Women ki fè pati Biwo Pwokirè Jeneral Eta Florid la. Jounal Sid Florid South Florida Business Journal te nonmen Michele tou kòm benefisyè “Biznisman enfliyans” yo.

Michele te nomen pa Diversity Journal kòm moun kap resevwa prim “Woman Worth Watching” la. Yo te nome li kom biznis egzekitif nan yon nimewo nan March Magazine, yon magazin fanm.

Li pale regilyèman swa entènasyonalman oswa nasyonalman sou sijè ki sòti nan teknoloji, Antreprenarya, maketing, lidèchip biznis, politik ak pwoblèm fanm yo.

Demo Title

Demo Description


My first Popup

This will close in 20 seconds

This will close in 20 seconds