preloader
© 2020, Norebro theme by Colabrio, All right reserved.
cr en

executive team

Dwayne A Davis

Chief Aliv Information Officer

Yon pwofesyonèl egzekitif nan teknoloji ak plis pase ven-sis (26) lane ekspètiz nan teknoloji, ki espesyalize sitou nan operasyon teknik, IT Risk, jesyon pwojè, entegrasyon sistèm, jesyon dokiman ak kontinwite biznis.

Gradye nan lane 1988 nan College St Augustine, Dwayne gradye nan Inivèsite Eta Alabama ak yon Bachelor nan Syans nan Sistèm Enfòmasyon sou Odinatè, nan lane 1993. Oktòb 1993 Dwayne te kòmanse karyè teknoloji li ak te ouvri pwòp biznis li Bay Shore Solutions Group epi lal jwenn Bank Royal nan Kanada kòm yon Teknisyen Rezo nan mwa Daout 1994. Depi 1993, Dwayne te travay nan bank, nan telekominikasyon, lan lavant an Detay epi li se yon antreprenè. Lan mwa Janvye 2011, Bay Shore Management Services Limited te fonde, yon founisè sèvis solisyon teknoloji ki te konsilte sou pwojè transfòmasyon ak BTC, Atlantis, Gouvènman nan Bahamas ak pi resamman BeAliv limited.

Li se kounyea Chèf Ofisye an Enfòmasyon (CIO) nan BeAliv Limited, nouvo founisè telekominikasyon nan Bahamas. Li se tou pwoprietè Bay Shore Water Tours Bahamas Limited ak konpayi rad Stallion Club la, nan kolaborasyon avèk pitit gason l ‘Dwayne Allan Jason.

Dwayne marye ak Anastacia Tiffany Davis e yo gen twa (3) timoun; Dwayne, Madison ak Malik

Demo Title

Demo Description


My first Popup

This will close in 20 seconds

This will close in 20 seconds