preloader
© 2020, Norebro theme by Colabrio, All right reserved.
cr en

executive team

Barry Williams

Chief Financial Officer

Barry Williams antre nan konpayi a an Jiyè 2016 kòm Chèf Ofisye Finansye.

Mesye Williams dirèkteman responsab rapò finansye, finansman, jesyon lajan kach, bidjè ak previzyon, ak kontwòl entèn yo. Li te fè pati ekip inisyal la ki te kòmanse biznis Aliv la lè premye aplikasyon mobil RFB a te fèt nan lane 2013. Li te fè pati tou ekip ki te rann piblik epi genyen lisans kominikasyon ak spectre (Communications and Spectrum License) nan lane 2014 ke Aliv gere jodi an. Mesye Williams te jwe yon ròl tou nan premye aktivite Aliv yo lè li ede ak tout pi gwo negosyasyon yo, kontra ak akò ki nesesè pou yo te lanse operasyon yo.

Anvan li rantre nan Aliv, Mesye Williams te sèvi kòm Senior Vis Prezidan Finans pou Cable Bahamas Ltd, li te gen responsablite sèvis kliyan, tout rapò finansye yo, finansman ak jesyon lajan kach. Mesye Williams rantre lan Cable Bahamas nan lane 2001 kòm Chèf Ofisye Finansye, te monte kòm Vis Prezidan Finans nan lane 2005 ak Vis Prezidan an Chef Finans nan lane 2010. Mesye Williams te jwe yon ròl enpòtan nan devlopman operasyon Caribbean Crossing lan epi tou te patisipe dirèkteman nan premye plasman prive $ 25 milyon pou divizyon sa a nan lane 2001.

Pandan lap travay pou Cable Bahamas, li te tou kontribye nan kwasans revni soti $ 31 milyon dola an 2001 rive plis pase $ 150 milyon dola ak benefis soti $ 15 milyon dola rive plis pase $ 50 milyon dola. Mesye Williams tou te dirije tout tranzaksyon finansman pou Cable Bahamas totalize plis pase $ 700 milyon pandan tan li. Nan lane 2013, Mesye Williams te fè pati ekip dilijans lan ki te konplete acha yon gwoup konpayi lan Sid Florid la ki te vin Summit Broadband pou $ 75,8 milyon dola. An fevriye 2020, Cable Bahamas te konplete lavant Summit Broadband pou $ 301.5 milyon dola.

Anvan li rantre Cable Bahamas, Williams pase sèt lane nan Deloitte & Touché ap jere misyon odit ak konsey ki espesyalize nan enstitisyon sèvis finansye ak òganizasyon ki vann an detay, nan biwo nan Bahamas ak Kanada. Mesye Williams se yon expè kontab ak yon manm lan Institute of Chartered Accountants lan Bahamas. Li gen yon Bakaloreya lan admnistrasyon antrepriz ke li pran lan Acadia Inivèsite, Nova Scotia, yon sètifika pou kou sekirite kanadyen epi li te fini ak kou Canadian Broker Dealer Course, the Stanford Emerging CFO course, ak Harvard Advanced Management Program.

Demo Title

Demo Description


My first Popup

This will close in 20 seconds

This will close in 20 seconds