preloader
© 2020, Norebro theme by Colabrio, All right reserved.
cr en

executive team

Carl Momplaisir

General Manager, Southern Bahamas

Carl Momplaisir se yon lidè ekip ke yo respekte, li se yon egzekitif ak pwofesyonèl nan telekominikasyon ki gen plis pase 26 lane eksperyans nan biznis ak siksè operasyonèl. Li te travay ak plizyè ekip dirijan lan jesyon telekominikasyon nan Etazini ak nan Karayib la. Li te travay tou dirèkteman ak lidè biznis nan rejyon an pou ede yo ranje òganizasyon yo, fòje alyans ak medya rejyon an ak depatman kominikasyon antrepriz yo. Sa mennen kwasans revni ak ògmante matirite ak devlopman nan mache yo . Pa kreye konsèp ak orkestre lavant efikas ak kanpay maketin, li te pwouve ke li te ka ranfòse ak bati imaj mak ak estrateji devlopman. Atravè distribisyon pwodwi san fil ak pozisyon ti konsesyonè biznis pou gwo konpayi entènasyonal tankou AT&T, Sprint ak Nextel, li te etabli relasyon ak gwo epi ti konpayi nan endistri telekominikasyon an. Carl Momplaisir te pwouve tèt li ke li kapab jere estrateji yo an jeneral nan konpayi restriktirasyon, ijans ak lavant devlopman. Li te travay tou kòm CMO ak GM pandan ke li te an chaj jesyon kriz yo.

Carl pwouve tèt li tou nan ede kliyan pran bonjan desizyon pa pataje konesans li nan ki jan menas ka manifeste epi gen enpak sou plan envestisman. Konesans li nan jesyon revni nan optimizasyon efikas rezo distribisyon gen anpil demann. Resous, konsyans ak rekonesans nan motivasyon lokal yo se konpetans Carl te aplike nan anpil kote entènasyonal. Kòm yon moun ki oryante sou rezilta, li te pote siksè nan New England nan kèk operasyon telekominikasyon ki pi boulvèse sou mache Panyòl la. Kapasite li pou ekri ak pale angle, panyòl, franse, ak kreyòl ayisyen te edel bati epi kenbe relasyon ak pwopriyetè biznis yo ki soti nan kote diferan. Carl te ale UMass Lowell kote li te etidye administrasyon biznis. Carl te direktè Digicel Biznis nan Port-au-Prince, Ayiti. Pandan ke li te Ayiti, Carl te eli prezidan Komite Dyaspora Chamb Komès Ameriken an, kote li te sèvi pou kat ane konsekitif. Pandan tan li a, Carl te ede relasyon ki genyen ant chanm komès lan ak divès kalite chanm Ameriken yo. Yo rekonèt epi respekte li kòm youn nan pi gwo ekzekitif telekominikasyon nan rejyon Karayib la. Carl fe pati ekip jesyon ki te lanse aliv, nouvo operatè telekominikasyon nan Bahamas la depi lane 2015. Li se kounyea Direktè Sid Bahamas nan Aliv epi li se yon manm nan Konsèy Administrasyon nan Chanm Komès nan Exuma.

Demo Title

Demo Description


My first Popup

This will close in 20 seconds

This will close in 20 seconds